2015-01-31

Gwopo, pale m' de atis !


Gwopo t'ap pral kay sè li, Tina. Lè l' rantre, Tina te chita devan televizyon an, ap gade yon emisyon ke jij yo t'ap chwazi talan chantè ak chantèz yo. Nan emisyon sa "coach" yo, ki se jij k'ap deside kiyès k'ap rantre nan ekip yo an, chwazi sèlman sou vwa talan k'ap pèfòme an. Gwopo pa fè ni de ni twa li rale chèz, li chita pou l' swiv kijan bagay yo ap deroule. 

- Tande Tina, mwen ka fè jij nan emisyon sa tou.
- Ou pa menm konn chante Gwopo, kijanw pral fè jij nan emisyon moun yo. Tina gade Gwopo li souke tèt li.
- Mwen pa oblije konn chante pou m' dekouvri yon bon chantè ! Gwopo pran yon poz, li di, se pa  pou chantè sèlman non, men pou tout atis.
- Si m' byen konprann la, ou se yon "grand connaisseur" nan zafè atistik, di Tina sou yon sèl kout ri.
- Mwen kwè nan sa m'ap di an, menm si mwen pap kritike atis tankou chantè, aktè, komedyen, pent, desinatè oubyen ekriven yo.
- Gwopo di m' non kisa k' fè yon gwo atis ? Di Tina, pasyans li te kòmanse bout.
- Ebyen...Gwopo souri. Sak fè yon gwo e bon atis se kapasite l' pou transmèt oubyen jenere emosyon nan sa l'ap fè an.
- Sa ou di an gen anpil sans wi Gwopo. Lè m'ap swiv pi gwo zèv atis yo toujou kapte atansyon moun ak emosyon yo degaje.
- Ebyen ann fin swiv emisyon an kounyeya, Tina. N'ap gad kiyès ki pi bon aprè.



Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Votre support ? Alors commentez et partagez. Merci